24/11/2022
Kanada se 2èm peyi ki pi gwo nan mond lan, sifas li se prèske 10 milyon km2. Poutan li gen sèlman 38 milyon moun kap viv ladanl. Konparativman, vwazen li Etazini ke li pi gwo pasel gen plis ke 300 milyon moun kap viv ladanl. Ou ta mande sak fè sa?
Se paske malgre gwosè Kanada ye, gen anviwon 80% tèritwa li an ki inabitab akoz de pozisyon gewografik li ki fè frèt anpil. Menm jan Etazini, tout tan wap monte plis nan nò, gon bon pati nan tèritwa li an ki pa ka pwodwi manje nan sezon ivè.
Risi, ki se pi gwo peyi nan mond lan, 60% tèritwa li an pa abite akoz de move tanperati. Dayè yonn nan prensipal motif gè Risi ak Ikrèn nan, se paske li konnen si Ikrèn antre nan Otan, li pap gen aksè ak Lanmwè Nwa ankò, poutan li pa ka oze pèdi Lanmè Nwa paske lè moman fredi pifò lanmè ki dèyè Larisi an fè glas.
Ayiti gen 27750 km2, se sèten li pa reprezante on vigil devan gwo tèritwa sa yo m sot site la a, men men sam vlew konnen, pa gen yon kote an Ayiti yon moun pa ka abite akoz de move tanperati, pa gen yon kote an Ayiti ki pa ka pwodwi akoz de move tanperati.
Ayiti gen anviwon 1,771 km de kot. Yo disponib pandan tout ane an, sa vle di lèl fè fredi nan anpil gwo peyi, anpil touris tap anvi vin chofe ti sòlèy yo an Ayiti. Ayiti gen 59 zile ki fòmel jan wèl ye la a. Li gen plis zile paske tout lòt peyi endepandan nan Karayib lan, bagay touris renmen.
Imajine, si pou yon fwa ou te sispann vote ak vant ou ou te vote ak tèt ou pouw te mete prezidan, senatè, depite, kasèk asèk, ki konpetan, ki onèt ki pa patryòt, ki pa dwògdilè, ki pa kidnapatè; m garantiw Ayiti tap yon paradi.
Poum fini, m kwaze ak yon amerikèn dènyèman, li dim li se pwofesè lap viv an Ayiti, li gen yon òganizasyon an Ayiti, li dim li gen plis ke 10 ane depi lap viv Ayiti. Lèm mandel èske se akoz ensekirite an ki fèl tounen Etazini, li dim non li pa tounen Etazini li jis vin nan yon konferans aprèsa poul tounen Ayiti, li pa ka viv lòt kote ke la.
Siw vle wa konprann. Ayiti son paradi, anpil moun ta anvi vin viv la, poutan zenglendo fè kon yo konnen yo voye piti pèp lan ap mache pran imilyasyon nan peyi ke yo pa ta prale menm pou lajan.