25/01/2024
Depatman anba nou medam apwann jere sa ak..
FANM DJANM: Sekrè Fèy Pou Tout Fanm Jere Depatman Anba yo
Se youn nan dòz kle te konpoze pou ede tout fanm Ayisyèn pran swen depatman serye yo. Tout fanm sou paj la ta sipoze fè pòs sa tounen bon zanmi yo. Lè pitit fi fin fòme ou ka fè l pou li tou, Gen yon dal maladi matris li pa ka gen pwoblèm sa yo.
Pataje l si n vle ede medam yo epi asire n pran san nou pou byen li ak swiv enstriksyon yo. Depi w ap swiv dòz tretman pou nenpòt pwoblèm nan bout anba tankou kis, enfeksyon, fibwòm, andometriyoz, twonp bouche, elatriye, ou dwe akonpanye yo ak dòz Fanm Djanm sa. Si w vle fè pitit tou, règ iregilye, swen apre akouchman, akonpanye lòt dòz yo ak fanm Djanm lan se yon lavman/detòks efikas li ye.
ATANSYON: Fanm ansent dwe evite fè dòz sa. Pinga fanm ansent oswa k ap bay tete nan moman an fè l.
ENGREDYAN: Fèy Maskreti Vyolèt - Tibonm - Fèy Pwa Kongo Mapou (pye oswa branch pwa kongo ki fè ti touf/gouf ti fèy piti yo e ki pa donnen) - Fèy Gwayav - Fèy Twonpèt
ENSTRIKSYON: W ap mare 7 pake ki gen tout engredyan sa yo reprezante, ajoute yon ti grenn sitwon inosan nan chak pakè lè w ap bouyi yo chak jou jiskaske ou rive sou 7 jou.
Bouyi pandan 10-13 minit, yon pake fèy; mete dlo pou kouvri tèt li; w ap bwè l tout jounen kòm tizann, se li w ap bwè pou dlo pandan toutan w ap fè tretman an....ou ka ajoute ti priz sèl tou piti pou ba l gou...Anvan w ajoute sèl pran nan sa w fin bouyi a, pou w fè twalèt de ba ou chak fwa w ap fè twalèt de ba w; se ak dlo bouyi sa w ap sèvi. Men pinga mete sèl nan sa w ap fè twalèt de ba w la pou ti bouboun nan pa vin fad (atansyon, pa detwi flò sobèbè, ni debalanse Ph la).
Fè sa pandan 7 jou...pinga taye nan moman w ap fè trètman sa. Epi w ap vin 9 kou 9 pwen.
N ap ba w kado:
Ou ka refè tretman sa sou 1 mwa ankò, lè sa fè 3 jou anvan règ epi 4 jou apre règ....si w fè l yon 3èm mwa menm, zafè enfeksyon ou pa ka nan sa, epi w ap netwaye tout pati anba a nèt.
Lè w gen règ, depi lavèy règ la vini an, pran te melis ak sèl chak swa e menm pandan règ la, kou règ la fin ale, jou swa sa pran te tibonm ak sèl chak swa pou 7 jou san sote jou.
Si w jwenn rasin ave menm, fè ti bat li pou l fann, epi bouyi l, pou yon 10 minit, bwè 2 a 3 tas pa jou pandan règ la ou avan ou aprè. Depi enfeksyon ap fè wòklò se kontakte epi lapè.
Se tout bèt sa yo nou bezwen pou jere anba...Epi evite Maggi - manje anbwate - diminye vye lèt n ap pran ak vyann kochon. Sekrè fèy sa yo se pou ede tout fanm fè prevansyon ak trete anpil vye enfeksyon, MST, move odè, mank angrenay, fè Lavman, ak jere lòt pwoblèm nan Depatman Anba yo. Se kado m ba tout fanm peyi a, se pou n konsève l de jenerasyon an jenerasyon pou jere pitit fi nou yo. Tradisyon an pa pèdi, se transfè konesans lan ki pa fèt.
Pou kesyon ak jwenn plis koze konsa ale abòne ak LIKE paj Facebook Medikaplant lan. Sipòte travay la, sove yo fanm.
Si nou jere tèt nou konsa depi premye règ nou, oubyen nou jere pitit n ou konsa, nou pa ka gen vye maladi nan bout anba a. Si yon sadik pa medaye nou pou jan granmoun nan bon, flanke tchanpan an deyò. Antouka, An n kite sa pou l pa fè zen.
Medikaplant.org