08/06/2022
medam men kisak fè ti bouton leve sou bouboun nou anvann règ e men kijan poun jere sa ,pataje post sa pou plis moun jwenn konesans
Se yon bagay anpil fi renmen plenyen, yo abitye wè ti bouton leve sou bouboun yo, nan vizaj yo a chak fwa yo pral gen règ yo. Sa rive yo enkyete, enben jodi a mwen pral eksplike nou rezon ki lakoz ti bouton sa yo leve e kijan pou jere sa ...
* Lè ou pral gen règ ou, gen anpil òmonn kap travay, pami yo gen Estwojèn ak Pwojestewòn ki ap ogmante, men 2 òmonn sa yo gen efè pou stimile sekresyon yon pwodwi ki rele sebòm ( sébum ), ki se yon pwodwi ki konpoze ak lipid e kèk lòt ti sekresyon, ki la pou pwoteje po a epi evite li twò sèk, lè li melanje ak swè kò ou, sebòm nan ede pou reidrate po ou .
Enben pandan ou pral gen règ, sebòm sa ki pwodwi anplis la pral melanje ak selil po ou ki mouri deja epi ak lòt sekresyon, yap bouche ti twou ki nan po ou, e akoz yo bouche ti twou sa yo, sa ap lakoz yon anviwonnman ki pa pwòp e òganis ou pral deklannche yon enflamasyon ki pral bay yon pakèt ti pwen nwa, e ti pwen nwa sa yo pral transfòme an ti bouton . E ti bouton sa yo boule anpil.
************** Ki kote yo abitye leve? ***************
Abityèlman yo renmen leve nan fwon ou ak anba manton ou, kote yo rele babinn nan, men anpil fi tou renmen genyen ti bouton sa yo sou do bouboun yo. Pwoblèm ki genyen ak ti bouton sa yo, depi yo kòmanse leve nan yon zòn, wap wè yo tou pran abitid leve la sèlman a chak fwa ou pral gen règ ...
**************** Kijan pou jere sa? ****************
Premye bagay la, evite pete yo, paske yo renmen kite s*katris . Pa enkyete ou, apre règ yo prale.
Anvan ou gen règ ou, yo konseye pou toujou byen netwaye figi ou nan maten ak nan aswè pou evite kite teritwa pou sebòm rasanble e gentan pral kreye ti pwen nwa ki pral bay bouton sa yo.
Atansyon ak losyon nap sèvi yo e ak pwodwi makiyaj nap sèvi yo tou pandan peryòd sa yo ...
Pataje pou yon lòt fi parèy ou ka konnen.
Sonje tou abone ou ak paj la pou pa rate atik nou yo .
Men lyen paj la.
https://www.facebook.com/Santeanbatonel/
Mèsi
Exama Jean Rodrigue Junior