05/06/2026
Yon kliyan pa bezwen ekri w pou chak ti enfòmasyon.
Lè yon moun ap achte sou entènèt, li bezwen wè pwodwi yo byen fasil, konnen pri yo san l pa bezwen mande sa an kachèt, konprann sa w ap vann nan byen vit, epi kapab kontakte w fasilman sèlman lè l pare pou l pase kòmand li. Se egzakteman sa Ti Komès ede business yo fè lè l ba yo yon espas ki byen estriktire. Lè tout enfòmasyon yo aklè, sa pèmèt ou gen mwens kesyon pou w reponn chak segonn ak mwens dezòd nan bwat mesaj ou, epi se sa k ap ba w plis chans pou w fè plis lavant.