Rivlou Collection

Rivlou Collection Atik Rivlou collection yo disponible an gro e en detay numero kontak 38570860

29/05/2026

Janm te promèt nou nan live yè an( ki dispo sou paj la) kem te gen poum pale nou de sa nou rele lakay nou" filèt"

lè timoun yo viktim sa konn enkyete paran yo anpil poul wè pitit li gen problèm pou prononse mo, pran tete etc... youn nan konsekans sa ka genyen li ka fè timoun nan pale sou lang a lavni (jann konn di lakay nou ) ,atansyon gen plizyè bagay ki ka fè yon moun pale sou lang

ann fon ti pale de filèt

Dabò nou tout wèl nan bouch nou men kisa lang lan ye an reyaliye? e ki wòl li?
Lang lan son ansanm de "muscle" ki fòmel , li pèmèt:
- ou vale
- ou byen pronose mo, gèn konsonn ki trè solisite lang lan tankou" T, N, D, S , Z, J...

- li jwe wòl lèw ap mastike

-lèw ap respire nan nen( ki nòmal ) lang ou an pozisyon repo e a akole a plafon kavite bouch ou

Si lang yon moun ta baskile an aryè sa ka toufel ,wap wè si pa ekzanp yon moun ta tonbe enkonsyan devanw fòw asire lang li pa baskile an aryè

-Lakay ti bebe an poul tete, lang lan aji tankou yon piston sou pwent tete manman pou tire lèt la

- li pèmèt ou detekte gou a koz de "papille" li gen ladann

- Li ka jwe yon wòl nan netwayaj kavite bouch ou lèw fin manje pa ekszanp

Tèm medikal ki tradwi filèt la se "ankyloglossie" kisal ye?
-Se yon anomali moun nan fèt avèl se lè fren lang( ti fil ki anba lang lan)lan twò kout sa ka akole lang lan a planche bouch la

Sak pase?
lè timoun nan tap devlope nan vant manman lang lan te akole a planche kavite bouch la o fi e a mezi lap grandi nan vant manman lang lan vin dekole a planche an e vestij ki rete an se ti fil sa nou wè an lèw leve lang ou an ke yo konsidere kòm fren lang lan

Li ka total si lang la a planche bouch lan akole totalman

Li ka pasyèl lèl konsène sèlman fren lang lan

Anomali sa konn ranje pou kont li ,lè timoun nan fenk ap pouse dan oubyen li ka ranje jiska laj fe 5 an se sak fè ou konn wè gen medsen li chwazi swiv timoun pou wè sil ap bal difikilte a lavni

Ki konsekans sa genyen?
-li ka trouble repo lang la ki pèmèt lang lan ranpli kèk wòl e anpechel prononse kèk mo donk timoun nan ka gen problèm langaj tankou pale sou lang

-li ka limite mouvman lang lan timoun ki viktim de sa , konn gen problèm pou tete, pi devan li ka bal difikilte sosyal pa ekszanp jwe enstriman a van

-gen konsekans pou respire se sak eksplike lakay timoun sa yo konn gen nwit ajite

- li ka gen difikilte pou manje paske mastikasyon an vin pi difisil

- a koz difikilte pou vale, lang moun nan vin ekzèse yon presyon e sa abouti avèk defòmasyon ensisiv yo( yon kategori nan dan yo)

-difikilte pou liche bouch
Avèk anpil lòt twoub

eske gen yon solisyon a sa?
Wi genyen men sa depann :
-de laj timoun nan gen medsen ki deside aji bonè menm an absans de sentom pou evite repèkisyon a lavni , gen lòt medsen ki prefere swiv pou wè evolisyon e veye jiska 4 a 5 an pou detekte si ap gen twoub pou vale e 7 a 8 an si gen retantisman sou devlopman dan timoun nan paske si waji twò bonè sa ka gen troub fonksyonèl a koz de s*katris la

-de kouperasyon paran, gen paran ki pa deside al lopital a timoun nan yo ka pa konn si son problèm ,gen lòt tou ki enkyè ki pa pèdi tan al kay Dr byen rapid

Yon bagay ki enpòtan fòk yo detekte anomali sa avan timoun nan pouse dan definitiv li

E si moun nan granmoun sa ki ka fèt pou li? Pa gen solisyon?
Wi genyen

Men lakay granmoun yo detekte anomali an ta lè:
-moun nan ka santi yon andikap pa ekszanp li ka vle aprann jwe enstriman a van pil gen difikilte oubyen moun nan antouraj li fèl remake sa

-li ka remake li paka tire lang li deyò

-ka gen anpil plak a koz de difikilte netwayaj paske lang lan twò kout

Oubyen lèl ap met protèz

An konklizyon gade anndan bouch ti bebe yo lè yap kriye pou wè sil gen filèt...

Like & pataje
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

21/04/2026

Pillule du lendemain se yon planin ijans kew pa dwe pran pleziw bwè yo aprè chak rapò seksyèl ,sa ka gen gwo konsekans e andomaje règ a s*k manstriyèl fi an,pifò moun pa konn sa, gen moun ki bwè l aprè chak rapò oubyen gason an fè fi an bwèl aprè chak rapò seksyèl, pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans, anpil fi gen pwoblèm règ se nan plede bwè pillule du lendemain

gon metòd lè 2 moun ap fè sèks se plis ti jèn ki renmen fèl se metòd retrè an , yo retire peni yo avan yo ejakile , metòd sa gen anpil feblès, aprè yo bay fi an bwè yon pakèt bagay ki pa gen okenn rapò a anpeche fi tonbe ansent tankou fèl bwè byè cho, dlo sale, etc... konsa tou prezèvatif la konn chire sa vin fè anpil timoun san papa, anpil Sentaniz , anpil timoun nan lari a ofelina, tèt moun yo konn cho youn nan bagay yo fè se kouri achte yon planin ki rele pillule du lendemain,san yo pa konn konsekans li

e pa bliye ayiti gon popilasyon trè jèn selon FNUAP(Fonds des Nations Unies pour la Population) 50% moun kap viv ayiti gen mwens ke 23 zan e 21% jèn fi an ayiti ki gen 19 an gentan manman ,se pako fini selon yon rapò institut du bien-être social et de recherches (IBESR) ki pibliye an 2018 ,gen plis ke 25mil timoun ki nan anviwon 754 sant kap resevwa timoun, pa bliye malgre sa chaje timoun nan lari an, sa ki restavèk etc... kidonk chak fwaw fè yon timoun san w pat prè ou patisipe nan ogmante povrete nan peyi an

Konsa tou pou anpeche fi ansent an Ayiti nou konn itilize yon metòd Ki se BWÈ DLO SÈL,SOU PRETEKS KE LI PAP ANSENT, metòd sa pa anpeche anyen o kontrè li ka monte tansyonw epi sèl la se nan estoma lale ,menmjan byè cho an al nan estoma,yo pa gen okenn rapò a anpeche fi tonbe ansent

Pillule du lendemain oubyen after day, non syantifik konprime sa se levonorgestrel se yon medikaman moun bwè avan 3 jou si ou fin fè sèks ou pa ta vle tonbe ansent...pilil sa son metod planin ijans ,kew paka pran plezi bwèl aprè chak rapò.son grenn konprime li ye, pou moun kap fè sèks yo ejakile anndanl li pa vle tonbe ansent ,siw te bliye pran konprime planin ou, moun ki gen dout oubyen moun yo vyole, se pa yon bagay ou ka pran plizyè fwa ni aprè chak rapò, koz li konn bay fanm ki fin bwèl la gwo domaj omonal, paskel li gon nivo pwojestewòn anraje ki pral pètibe s*k manstriyèl fanm lan, ki ka fè règ fanm koule anpil, oubyen fè plizyè mwa sanl pa wè règ li , anpil fi viktim de sa , paske yo pran plezi bwèl san kontwòl aprè chak rapò

-kijan pouw pranl?
-kilè pou itilizel?
- ki avantaj?
-ki enkovenyan ?
-ki efè segonde konprime sa?

nou pale de kontrasepsyon ijans:
Se yon grenn ou pran aprè yon rapò San proteje, si ou pa ta vle moun nan tonbe ansent yo itilizel 72 è aprè rapò an, li gen yon dòz pou respekte ,se sak fè ou pa dwe ap plede pranl san rete , ou dwe jis respekte delè an se pa avòtman kidonk si delè 3 jou sa pase li pa vrèman nesèse ankò pouw pranl, siw son moun ki seksyèlman aktif ou pako vle gen pitit lesansyèl se jis chwazi yon metòd planin

lèw pranl li bloke ovilasyon e anpeche spèmatozoyid yo kontre a ovil , si ze an gentan nide nan fon matris la li pap ka fè anyen, se sak fè plis ou pranl bonè plis li efikas

Ou ka itilizel apre:
- yon rapò nan proteje
-kadejak
-si kapòt la chire
-si fi an antre nan rapo nan peryod fegondite li

Avantaj:
-Ede w evite yon gwosès byen rapid si tout fwaw pat pwoteje

Enkovenyan :
- pa proteje kont IST
-nesesite yon pèsonèl enfome
-li pa ka itilize si gwoses konfime
-li ka pètibe règ ou

Efè segondè :
ou ka gen Noze ,vomisman, senyeman (san ap pase nan vajenw)

siw ap fè sèks san pwoteje sanw pako prè, jis panse a demen, siw seksyèlman aktif jis chache yon lòt metòd planin

Anpil moun konn ap plenyen di yo te pran Provera malgre sa yo ansent kanmenm, provera pa yon planin ijans prensip aktif provera se
Medoxyprogesterone, se Pillule du lendemain ki se planin ijans prensip aktif li se levonorgestrel se de bagay diferan, siw pa vle ansent aprè yon rapò se levonorgestrel la poun pran sin pa gen kont endikasyon avèl

like & Pataje tèks sa ,ann met lòt moun nan limyè paske chak ayisyen ta dwe konn enfòmasyon sa yo

idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

09/04/2026

Adresse

Gérald Bataille Ruelle Veille
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Rivlou Collection publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager