Atelye Lento Ayizan

  • Home
  • Atelye Lento Ayizan
Call Contact the business

Atelye Lento Ayizan Nou se rasin ki remet lavi kle lanati viv atizana L'eloquence c'est tout simplement la facilité de s'exprimer

...
10/08/2026

...

Œil qui voit tout 👁️😍🤍
28/07/2026

Œil qui voit tout 👁️😍🤍

🎨✨ Atelye Lento Ayizan Lanse yon Spesyal sou Tablo Vèvè! ✨🖼️Atizay se eritaj nou. Vini dekouvri bote ak fòs senbòl Vodou...
11/07/2026

🎨✨ Atelye Lento Ayizan Lanse yon Spesyal sou Tablo Vèvè! ✨🖼️

Atizay se eritaj nou. Vini dekouvri bote ak fòs senbòl Vodou Ayisyen yo atravè koleksyon tablo Vèvè Minokan ak Vèvè Lafanmi, ki fèt ak anpil lanmou ak respè pou kilti nou.

📅 Peryòd espesyal la:
🗓️ 15 Jiyè rive 8 Out 2026

📐 Dimansyon ki disponib:
▪️ 3 × 3
▪️ 4 × 6
▪️ 8 × 12
▪️ 12 × 16

🎁 Pwofite pran kado espesyal ou nan men Lento Ayizan pou yon ti kras monnen.

🚚 Kèlkeswa kote ou ye nan mond lan, n ap fè livrezon pou ou.

📲 Pou kòmande oswa jwenn plis enfòmasyon:
☎️ +509 4693 9251
☎️ +509 3374 6997

Lento Ayizan pa sèlman vann tablo; li pataje yon pati nan eritaj, espirityalite ak idantite pèp Ayisyen an. Vin chwazi pa w la pandan espesyal sa a.

🇭🇹Ayiti nan san nou, Mondyal la nan vizyon nou!!!🇭🇹Nan chak gout swe Grenadye yo, se esperans tout ayisyen ki ap viv nan...
09/06/2026

🇭🇹Ayiti nan san nou, Mondyal la nan vizyon nou!!!🇭🇹

Nan chak gout swe Grenadye yo, se esperans tout ayisyen ki ap viv nan tout ti kwen latè .Nou pa sèlman ap jwe yon match , nap jwe lonè yon pèp ki pa janm abandone. Ann fè yo santi chalè nou dèyè yo!

Tankou zansèt nou yo te montre lemond sa sa vle di gen kouraj, se konsa tou jodi a, seleksyon nou an pote flanbo fyète nou. Se moman pou n ekri yon lòt paj istwa an lò.🇭🇹
"Nap pataje mesaj sa poul ka rive jwenn jwe nou yo pou montre fyète nou "... ann ale ayiti

« Lè tanbou Ayiti a frape, se pa sèlman yon ekip ki antre sou teren an; se tout yon pèp, tout yon istwa ak tout fòs zansèt yo k ap mache ansanm pou viktwa. »
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Ayizan Lento 🔴⚫️

Yon yon

Sòti Ayiti 🇭🇹 rive Etazini 🇺🇸 se yon plezi pou m anonse Paker Alce seleksyone nan konpetisyon  yon inisyativ aktè . Yon ...
07/05/2026

Sòti Ayiti 🇭🇹 rive Etazini 🇺🇸 se yon plezi pou m anonse Paker Alce seleksyone nan konpetisyon yon inisyativ aktè . Yon chans pou genyen 25.000 ak yon piblikasyon nan « magazine» epi yon ekspozisyon nan salon Atistik Elysium nan Los Angeles. m ap envite nou klike sou lyen sa pou nou ka vote pou mwen.

Lè n rive. Klike sou vote , lap ban nou opsyon vote gratis oubyen achte yon kantite vòt tou. Lè w finn chwazi, verifye l ak facebook, yon fason pou n ka pwouve nou pa yon wobo. Pataje l ak yon moun pou fè menm jan, konsa m ap toujou ka kenbe plas mwen nan konpetisyon sila.

vòt yo ap fini 14 me, chak jou n ap ka revote ankò. Epi fè menm demach pataj lan jiiskaske konkou an fini. Mèsi anpil🫶🏾

Klike pou n swiv etap vote an🗳️

I Create Art To Give Shape To My Emotions, Express What Words Often Can’t, And Transform My Inner Experiences Into Something Others Can See

???
30/03/2026

???

Nan dènye ane sa yo nou ka remake Gen anpil Vodouyizan k ap leve vwa yo pou pale de dekolonizasyon mantal Vodou a. Kote ...
10/02/2026

Nan dènye ane sa yo nou ka remake Gen anpil Vodouyizan k ap leve vwa yo pou pale de dekolonizasyon mantal Vodou a. Kote yo vini ak yon diskou ki di sen pa lwa sispan adore sen pou Loa. Yo mande Vodouvi yo jete pòtrè dye blan, sen katolik yo, Pawòl la bèl. Diskou a sonnen fò. Men gen yon kontradiksyon ki fè mal.
Kijan nou ka pale de dekolonizasyon pandan n ap refize envesti nan atis Vodou ki ap pentire:
Mitoloji Loa yo,
Istwa zansèt yo,
Senbòl sakre yo nan èv yo?
Kijan nou ka mande pou imaj kolonyal yo disparèt, pandan nou pa vle soutni moun k ap kreye nouvo imaj lib ki soti nan rasin nou???🤔

Dekolonizasyon se pa sèlman jete sa ki soti lakay blan.
Men fòk nou tanmen bati sa ki soti lakay nou.
Se bay valè a kreyasyon pa nou yo.
Se pèmèt atis yo rakonte nan èv yo langaj Loa yo ak koulè, fòm, ak vizyon zansèt meritan yo.
Si Vodou pa gen imaj pa li, lòt moun ap toujou desine l pou nou.
Si nou pa achte èv Vodou, pa sipòte atis Vodou, pa ekspoze travay yo, diskou dekolonizasyon an ap rete yon pawòl vid.

Dekolonize Vodou a, se mete lajan, respè, ak konsyans dèyè pawòl la.
Sinon, se pa libète n ap chèche,
se jis ranplase yon silans pa yon lòt.

Èv:Lento Ayizan

Address

Port-De-Paix

Telephone

+50933746997

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Atelye Lento Ayizan posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Atelye Lento Ayizan:

Shortcuts

  • Want your business to be the top-listed shop?

Share