08/27/2026
Nou te gen privilèj resevwa Nadège Fleurimond yon antreprenè gastronomik, chef, ekriven, ak stratejis biznis ki ap make enpak li nan kominote a.
Soti nan Columbia University kote li te etidye Syans Politik, rive nan fondasyon biznis li yo tankou Fleurimond Catering ak BunNan, Nadège sèvi ak manje kòm yon zouti pou rakonte istwa, selebre idantite, epi mete kilti Ayisyèn sou kat mondyal la.