03/11/2023
Mete pòtigè sou nou
Tanpri pataje!
Nan lekòl mwen te fè kou pòtigè pou mwen te kapab fè natiralizasyon brezilyen an, yo pral lanse yon kou pòtigè gratis.
1) kou a ap fèt an liy ak posibilite pou gen kèk jou presencial Curitiba, são Paolo ak yon lòt vil ankò ke mwen pa sonje.
2) si ou ta byen fè kou a, ou fè bèl nòt, wap tou jwenn sètifika ak deklarasyon ki pral ba ou aksè pou ou tou fè natiralizasyon an ak diplòm sa a San ou pap bezwen al fè lòt kou avanse a.
3) kou avanse a koute ant 380 a 350 reais, li fèt pou moun ki pale pòtigè deja. Men kou gratis sa a li fèt pou tout kalite moun.
4) pou ou enskri, jis klike sou lyen sa epi ranpli fòmilè a : https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSd-_znEID3Bg9qe4ntsbvIFCAe2tQS0SWY36OkhfTrDBNQukA/viewform?usp=pp_url
N.B: mwen pa resevwa okenn benefis pou mwen fè piblikasyon sa a, tanpri konpòtman ou pral afiche nan kou sa a, se sa ki benefis mwen. Konpòte nou byen.
Si ou bezwen plis enfòmasyon ekri yo sou whatsapp nan nimewo ki nan imaj la. Ekri pou nou ekri, pa kite mesaj vokal.