14/07/2021
tout saw dwe konnen sou sinizit ,pataje post sa pou plis moun jwenn konesans sou li paske nou souvan ap minimizel an Ayiti,poutanl ka grav met vi moun nan an danje
ou pa konn tande moun kap di "ah m gen sinizit", gen anpil moun ki pa janm al kay Doktè yo ka wè yo nen yo bouche , anpil fwa yo swa di se sinizit oubyen yo di ke bwonch yo fèb, jodya menvite nou li ansanm sou sinizit pataje post sa pou lòt moun jwenn vrè konesans sou sinizit, pou yo pa di mo yo nenpòt kòman
jodya nou pral wè ansanm :
-kisal ye an vrè
-kisak ka kozel
-kisa moun nan ka santi
-ki konplikasyon li ka bay
-kijan pouw fè prevansyon
sinizit la sal ye an vrè ,se enfeksyon de yon kouch ki kouvri yon bann ti twou ki nan zo nan yon pati nan vizaj ( nap wè nan imaj tèks sa ) kote gen yon likid kap koule nan twou sa yo kal nan nen nou, twou sa yo rele "sinus", lè yon bakteri oubyen yon viris pwopaje nan ti twou sa yo , yo anfle zòn sa,sa konn bouche yo, donk likid sa paka desann al nan nen nou ankò , e mikwòb ki koze sa kontinye ap miltipliye se la tout tèt chaje an pral kòmanse
se sak pral eksplike moun ki fè sinizit la santi yon presyon nan nivo vizaj li, a yon tèt fè mal
si sinizit la dire plis ke 12 semenn lè sal kwonik sak konn fè sa se souvan yon moun ki alèji a yon bagay e kel toujou ekspoze avèl , pa eskzanp gen yon sibtans nan yon pafen yon moun ka alèji sa pa anpechel toujou ap sèvi a pafen sa...oubyen toujou ekspoze a pafen yon pwòch, oubyen yon moun ki alèji a plim chat oubyen chen epil genyen yo lakay li
kisak ka kozel e ki kategori moun ki a risk fè sinizit?
-li ka koze pa yon mikwòb
-si moun nan alèji a yon bagay depil ekspoze avèl sa konn deklannche reyaksyon an
-si moun nan gon kari nan danl ki konplike an absè
-si kotel ye an lè an polye pa ekszanp kote ki gen anpil endiskri, pousyè, anpil lafimen machin, kote kawoutchou toujou ap boule ect...
-moun ki gen chè nan nen
-moun ki fimen oubyen ki gen moun nan antouraj li ki toujou ap fimen prèl
-nen moun ki defòme
-si ti twou m tap di nou yo, mal fèt e sa se depi nan vant anomali sa a
-moun ki remen benyen nan pisin a koz de kloròks la
-moun ki frape nan nen
-moun kap pran kokayin
-moun ki souvan viktim de asid kap monte nan lestomak li
-moun ki fè maladi opresyon e ki ta fè yon kriz sinizit gen anpil chans pou deklannche a yon kriz opresyon ki ka met vil an danje
kijan moun nan ka remakel fè sinizit?
-moun nan ka gen yon doulè nan vizaj li nan nivo ti twou m tap di nou yo, nan zòn ki pran anwo sousil,nenl, joul, ozalantou zyel, e doulè sa ogmante lè moun nan bese tèt li
-nen l ka bouche
-nen konn ap koule yon larim jòn oubyen vèt ki epè, ki konn klè tou
-li konn santi ti fyèv men moun ki gen yon sinizit lap drennen pandan lontan konn pa santi fyèv la
-li ka tèt fè mal
-li ka gen dan fè mal
-li ka gen yon tous ki vin a sekresyon
ki konplikasyon ki ka genyen si moun nan ta fè sinizit?
sinizit lan ka konplike e atake sèvo moun nan oubyen jel zyel
li ka bay moun nan:
-yon menenjit , se lè yon anvlòp kap pwoteje òga'n ki nan tet ou enfekte , e la òga'n ki nan tèt ou yo atake
-li ka ba moun absè nan sèvo
-li ka anfle venn ki drene san ki kap sot nan je nou
-li ka enfekte zo ki gen anpil ti twou m tap di nou yo, nou jwenn sa anpil lakay timoun
-janm te dil anlè an si moun nan fè maladi opresyon sa ka deklennche yon kriz
siw ta remake oubyen yon pwòch
-pa wè byen
-je anfle
-chanjman nan eta konsyans yon pwòch ou e ki pap respire byen al kay doktè rapid, e tout sinizit ki dire plis ke yon mwa moun nan dwe al kay doktè rapid
ki mezi ou ka pou enfeksyon sa
mezi sa yo bon pou moun ki vle evite trape yon sinizit , si w te fè yon kriz deja pou evite yon 2 èm , siw fè sinizit pou anpechel dire twò lontan:
-toujou lave menw sa enpòtan
-evite kontak avèk moun ki gen anrime
-depiw konnenw alèji a yon bagay evite antre an kontak avèl
-evite stress , fè ti ekszèsis fizik, byen manje pou ranfòse sistèm defans kòw
-evite tabac , pa fimen evite kote moun ap fimen
like & pataje
idantifye yon moun li avèw
Kerry NORBRUN