23/10/2023
Pandan m te nan inivèsite Etazini Mwen t ap fè yon mastè nan lidèchip devlopman ak kominotè yon jou Board Inivèsite a menase pou jije m ak yon pwofesè si m koupab y ap mete m deyò nan inivèsite a epi ekri tout inivèsite nan Etazini pou di m se yon vòlè. Men poukisa yo te vle fè sa. Mwen t ap pran yon klas Mwen te gen yon devwa final pou m remèt, lè w remèt devwa a ou tou dwe soumèt li sou yon sit entènèt ki gade ki pousantaj travay ki pou ou ladan. Si travay lòt moun ou pran depase 15% yo pap aksepte li. Nan kèk ka ou ka menm nan gwo pwoblèm. Lè m soumèt devwa m lan pwofèsè a remake gen 25% nan devwa 50 paj la ki pa pou Mwen. Sa k pase? Lè pwofesè a gade li wè Mwen mal site kèk otè Mwen pran kèk fraz nan travay yo sa ki nòmal. Men sa ki pat nòmal e ki parèt tankou se yon vòl sè ke Mwen pa byen fè referans lan pou ouvri fèmen ant gimè fraz m ap pran epi mete li an italk aprè site non otè a, non liv la, paj elt. Lè pwofesè a wè sa li tounnen devwa a banm, li di pou m korije li paske gen yon erè grav. Nan moman an m te nan antrènman ak Lame Mwen pa t gentan pou te gade tout 50 paj devwa a pou jwenn erè yo. Kareman Mwen tounen devwa a bay pwofesè a sa w tande a se rete m rete Mwen resevwa yon Imel ak tèl dat pou m al nan jijman ak pwofesè a si m koupab men sa k ap rive m. Tèt Mwen Cho kon vè lanp Mwen ekri pwofèsè eksplike li misye pa pran priyè Mwen chèche kèk lòt pwofèsè enfliyan eksplike yo ke Mwen te nan training ak lame Mwen pa t gen tan pou m re gade devwa a malgre sa yo pa t vle pran priyè men piske zafè lame se gwo koze yo di anvan jijman yo pral analize dosye a. Aprè 8 jou yo pran yon desizyon. Yo di piske m pa t gen entansyon volè travay lòt otè yo se mal m te mal site yo y ap banm yon sanksyon. Yo fè m achte 8 liv ki montre kòman pou w byen site (MLA, APA) lòt otè nan travay Mwen epi ekri yon papye 5000 mo sou sa pou m remèt nan 3 jou. Mwen pa t gen chwa m te oblije fè sa.
Depi lè sa a m fè kwa pou m pa janm pran zèv lòt pou m pa byen bay kredi.
Travay lòt mou sakre..