Santééduc

Appeler Itinéraire Site Web Contacter l'entreprise

Santééduc Prevansyon sove lavi.

Jounen mondyal alimantasyon 2026𝗧è𝗺: "Inove jodi a pou nouri demen" Objektif prensipal yo𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 𝗮𝗸 𝗱𝗼𝗻𝗲: Ankouraje it...
16/10/2026

Jounen mondyal alimantasyon 2026
𝗧è𝗺: "Inove jodi a pou nouri demen"

Objektif prensipal yo
𝗧𝗲𝗸𝗻𝗼𝗹𝗼𝗷𝗶 𝗮𝗸 𝗱𝗼𝗻𝗲: Ankouraje itilizasyon syans, inovasyon ak entèlijans atifisyèl pou sistèm alimantè dirab ak rezistan.

𝗞𝗼𝗻𝗯𝗮𝘁 𝗴𝗿𝗮𝗻𝗴𝗼𝘂: Sansibilize piblik la sou grangou ak malnitrisyon atravè lemond.

𝗔𝗸𝘀è 𝗲𝗸𝗶𝘁𝗮𝗯: Asire aksè a manje ki an sekirite, nourisan e abòdab pou tout moun.

Jèn ak moun ki gen enterè lokal yo: Mobilize jèn yo, kiltivatè yo, chèchè yo ak pèp endijèn yo otou solisyon konkrè.
Santééduc

06/10/2026

Yon medsen lejis deklare ke nan moman covid-19 la te gen mwens ka swisid, nan moman gè gen mwens swisid tou. Selon Li menm Sityasyon strès entens ki touche tout moun pwoteje e sa mande pou yo ta fè etid psikyatrik ak psikolojik sou sa.

Santééduc

Nan yon seremoni ofisyèl ki te òganize dimanch 27 septanb lan, gen 43 nouvo pwofesyonèl ki prete sèman kòm medsen.Nou ko...
30/09/2026

Nan yon seremoni ofisyèl ki te òganize dimanch 27 septanb lan, gen 43 nouvo pwofesyonèl ki prete sèman kòm medsen.

Nou konnen ke Medsen yo jwe yon wòl esansyèl nan kowòdinasyon sante piblik mondyal ak pwoteksyon popilasyon yo, se poutèt sa nou kapab di ke sa se yon pa annavan e ki vrèman enpòtan nan sektè lasante an Hayti ke nou konnen ki pa gen ase medsen pou kantite abitan yo.

Selon OMS Hayti gen apeprè 0.3 doktè pou chak 1,000 abitan (oswa 3 doktè pou chak 10,000 abitan), tandiske Seuil kritik rekòmande a se apeprè 2.3 doktè pou chak 1,000 abitan (oswa 23 pou chak 10,000 abitan) pou asire aksè debaz a swen sante.


Santééduc

Nan Irak lwa Jafari a, ki te adopte an Out 2025, pèmèt yon gason marye ak yon tifi ki gen 9 an. Maryaj sa a ka anrejistr...
25/09/2026

Nan Irak lwa Jafari a, ki te adopte an Out 2025, pèmèt yon gason marye ak yon tifi ki gen 9 an. Maryaj sa a ka anrejistre epi valide pa leta, yon fwa kontra a konkli.

Maryaj prekòs (oswa maryaj timoun) afekte apeprè 640 a 650 milyon tifi ak fanm atravè lemond, sa vle di youn sou senk jèn fanm marye anvan laj 18 an.

Maryaj bonè sa yo lakòz anpil timoun kite lekòl epi ekspoze minè yo a gwo risk vyolans ak chòk fizik oswa sikolojik.



Santééduc

18/09/2026

Kisa w tap fè?
Antanke medsen ou byen enfimyè
padan ke ou de sèvis nan lopital la yon bandi trè rechèche vin pran swen an ijans akoz de blesi aprè echanj tir ak lapolis:
1- Fè prizanchaj epi kitel ale sanw pa avèti lapolis
2- Fè prizanchaj, epi avèti lapolis
3-Pa fè prizanchaj epi avèti lapolis
4- Pa fè prizanchaj epi pa avèti lapolis

Kisa lalwa prevwa nan yon ka konsa?
Santééduc

     Santééduc
04/09/2026




Santééduc

02/09/2026
02/09/2026

-Apeprè 90% moun ki mouri pa swisid gen yon pwoblèm sante mantal oswa yo soufri pwoblèm sante mantal, epi depresyon se dyagnostik ki pi komen an.

Santééduc

-Apeprè 90% moun ki mouri pa swisid gen yon pwoblèm sante mantal oswa yo soufri pwoblèm sante mantal, epi depresyon se d...
02/09/2026

-Apeprè 90% moun ki mouri pa swisid gen yon pwoblèm sante mantal oswa yo soufri pwoblèm sante mantal, epi depresyon se dyagnostik ki pi komen an.

-Selon Òganizasyon Mondyal Sante OMS Plis pase 720,000 moun mouri pa swisid chak ane atravè lemond, sa reprezante apeprè 1% nan tout lanmò yo.


Santééduc

02/09/2026

Siw An Ayiti, ou ka rele 8840 (liy dirèk gratis OIM: Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon an) ki ofri sipò ak konsèy psikososyal.

Adresse

Gonaïves
HT4110

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Santééduc publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Santééduc:

Raccourcis

Partager