Ernéus Mixon

Ernéus Mixon Mixon Ernéus

19/09/2024

M ap kòmanse konsa,
Dans un État de droit, les tribunaux doivent être les garants de la justice, défendant les droits et libertés de chaque citoyen. Pourtant, de nombreuses voix s’élèvent pour dénoncer des abus et un manque de compétence au sein du tribunal de paix de Mare-rouge, qui met en péril l’intégrité du système judiciaire, m fè plizyè konsta:
Un premier constat alarmant est l’apparition de certaines pratiques abusives, sak pi resan se arestasyon abitrè de yon adolesan, malgre li inosan e yo Konnen kiyès ki fè zak la anyen pa fèt se, se lajan ki entèrese. Dans plusieurs cas, le juge de paix semble faire preuve d’un manque de rigueur dans l’instruction des dossiers. Se prèske avoka yo k ap dirije l, yon pakèt nèg mande m kote yo te etidye dwa m pa konnen, les décisions peuvent alors reposer sur des éléments erronés ou sur des interprétations biaisées des faits. Cette situation( sa k ap pase nan tribinal Mawouj la) génère une profonde insatisfaction chez les citoyens, qui se sentant lésés, perdent confiance dans la justice. Lorsqu’un juge de paix est amené à statuer sur des affaires complexes, telles que des litiges de voisinage ou des questions liées à la famille, son manque de formation ou d’expertise dans des domaines juridiques spécifiques ne peut que nuire à la qualité des décisions. Cela crée non seulement des injustices, mais engendre également des recours en appel, alourdissant ainsi la charge des juridictions supérieures.

Il est également essentiel de souligner l’accessibilité de la justice. Un grand nombre de citoyens, sitou sa ki pa genyen mwayen yo, se trouvent dans l’incapacité de défendre efficacement leurs droits. Les frais de justice, les délais des procédures, ainsi que la complexité des démarches, constituent autant d’obstacles qui rendent la justice difficilement accessible au commun des mortels. Pour remédier à cette situation préoccupante, il est impératif de mettre en place des réformes. Cela pourrait passer par une formation continue pou jij, grefye, elatriye, afin qu’ils puissent acquérir et maintenir un niveau d’expertise adéquat.
Enfin, il est crucial d’encourager une plus grande transparence au sein du tribunal de paix de Mare-rouge. Les citoyens doivent être en mesure de comprendre le fonctionnement des tribunaux de paix, de suivre l’évolution de leurs affaires et de contestations éventuelles des décisions rendues. Une plus grande transparence pourrait contribuer à restaurer la confiance du public dans le système judiciaire.

Mesye pou m fini m ap di nou sa, dénoncer les abus et l’incompétence dans les tribunaux de paix n’est pas une attaque contre la justice, mais un appel à l’amélioration d’un système qui doit impérativement être au service du citoyen. Il est de notre devoir collectif de veiller à ce que chaque individu puisse bénéficier d’une justice équitable et efficace, garantissant ainsi le respect de l’État de droit.

09/09/2024
Pandan pastè Gregory Toussaint t ap pale de nouvo kòd penal ke nèg yo ap mete an aplikasyon 24 jen 2024 la.An rezime m a...
21/06/2024

Pandan pastè Gregory Toussaint t ap pale de nouvo kòd penal ke nèg yo ap mete an aplikasyon 24 jen 2024 la.
An rezime m ap pale de sa ki entèrese m nan kòd penal sa a e nou dwe konbat li, an nou li ak mw👉🏽👉🏽👉🏽Èske w konnen nan kòd penal 24 jen 2020 ke yo vle mete an vigè 24 jen 2024 sa gen anpil bagay sal ke loksidan itilize yon Bann sanzave pou fòse antre yon bann bagay sal ki pa reponn ak lavi kiltirèl ayisyèn
Atik 304, 471 e 384 legalize pwostitisyon infantile de manière occasionnelle, kòd penal sa bese laj ke tifi AK ti gason ka renmen e antre nan fè bagay
Atik 471 lan entwodui endirèkteman pwostitisyon timoun kote ke yon granmoun ka peye tifi 15 zan pou fè bagay avè l San pwoblèm tandike yo konbat bagay sa atravè lemond men se nou y ap fòse bwè dlo sal sa pi devan pou nenpòt moun antre vin drive
Èske w konnen atik 468 nouvo kòd penal sa pale de rapò timoun ak alkòl (tafya) atik sa favorize timoun Nou yo nan konsomasyon alkòl Pandan ke lemond AP batay kont sa.

Èske w konnen atik 305 kòd penal sa fè konnen ke sè ak fè, papa ak pitit, pa gen dwa nan rapò fanm ak nonm men l pa di anyen kont kouzen AK kouzin, tonton ak nyès, matant ak neve ki ta antre nan fè bagay sa vle di kouzen AK kouzin, tonton ak nyès matant ak neve ka fè bagay alèz🙁 Èske w konnen atik 301 kòd penal sa otorize zoophilie : kote ke fè bagay ak bèt p ap yon enfraksyon kote ke moun ka fè bagay ak bèf kabrit, kochon, chyen, san pwoblèm sèlman si yon moun fòse yon lòt fè bagay ak bèt ap yon enfraksyon e moun sa ki fòse lòt la fè bagay ak bèt la ap pran prizon pandan 5 a 10 zan, e l ap peye yon amand 50 a 100,000 goud.
Si se pa moun ki fòse w fè l ou ka distrè w fè ti bagay ou ak koulèv chyen alèz.
Ok Jovenel 🙁
Èske w konnen atik 208 kòd penal sa favorize mouvman fanm ak fanm, gason ak gason kote ke gen sanksyon ki prevwa pou moun ki pa ta aksepte bay sèvis ak masisi-madivin, tankou si w refize marye 2 moun menm sèks, si yon jij refize jije yon dosye ki gen rapò ak kominote LGBT a ap pran prizon Pandan yon ane jiska 3 ane. Èske w konnen atik 215 nouvo kòd penal sa bay prezidan repiblik lan dwa pou l fè gras ak kèlkeswa moun ke lajistis kondane pou krim kidnapping, vòl pou kèlkeswa bagay la menm si lajistis te kondane moun sa yè prezidan an antre an fonksyon jodi a li gen dwa pou l fè gras ak kriminèl sa e moun sa ki jwenn gras prezidan an kapab jui tout dwa sivil e politik li kote li ka rive prezidan, premye minis elatriye. Èske w konnen atik 328 nouvo kòd penal sa legalize avòtman menm si timoun sa te gen 8 a 9 mwa nan vant fi an li ka avòte l, ki se yon krim selon Mwen menm jan lè bandi touye yon moun se konsa ou elimine yon vi.
Mwen vle nou konnen sa byen tout sa tèks de lwa pa entèdi alò li otorize l, li favorize l
Èske tout bon n ap dakò pou peyi gwo bibit yo itilize etklav nan pouvwa yo pou fè n pase tankou yon bann salòp pou fòse n bwè dlo sal yo an.
Bagay sa se yon danje pou avni timoun Nou yo pi Devan tout sosyete a pral kriye si Nou pa leve kanpe kont sa.

NATCOM S.A  en Haïti : Une compagnie téléphonique qui répand la misère en Haïti et totalement inapte au développement na...
01/05/2024

NATCOM S.A en Haïti : Une compagnie téléphonique qui répand la misère en Haïti et totalement inapte au développement national.
Sèl an Ayiti pou blan raketè tankou mèt konpayi mafia jwenn avantaj bab ak moustach konsa.
Natcom ap peze s***e ti pèp la twò lontan fòk yon mo di atò. Pa gen leta, pa gen pèsonn ki pou defann pèp la anba abi ak enjistis e fòm kase ponyèt, volè lajan ti pèp la san pale!
Tout peyi ki gen konpayi telefòn mobil tankou Natcom nan lòt peyi bay avantaj tankou entènèt gratis, anvwaye ou koute mesaj, pa gen peye minit menm men chak mwa pou peye.
Ayiti, Natcom kaba tout. Li fini ak ti po devan peyi nèt et ti pèp lage de bra balanse; li ki pèdi pa otorite yo ki mete yo ak konpayi eksplwatè kolon pou fini ak Ayiti nèt !
Kiyès k ap pran defans pèp la menm anba vye konpayi dechèpiyè, kadejakè sa a?

06/04/2024

PNH arete yon Ayisyen k ap kite peyi a paske yon enfliyansè voye mesaj ba yo, pou di moun nan se yon chèf gang. San verifikasyon, yo arete l, pibliye l sou tout rezo menm moman an. Yo sezi yon kagezon zam Okap, menm non moun ki vin resevwa kagezon an pa pran lari. Sak fè sa?? Lè yo arete sitwayèn an vagabon an fè yon post aprè 24 trè li efase l. Antouka.

Ti mesye kokorat ak ras yo m salye nou m ap trè kout e dirèk ak nou.Jimmy Aneus se yon pitit malere, nou tout se dlo n a...
05/04/2024

Ti mesye kokorat ak ras yo m salye nou m ap trè kout e dirèk ak nou.
Jimmy Aneus se yon pitit malere, nou tout se dlo n ap bat pou n fè bè, fanmi an pa genyen kòb mesye tanpri libere l, depi yè n ap rete tann li, m rekonèt nou se sèl fòs legal peyi a Konnen. M rekonèt nou fò fanmi an sipliye nou. Libere Aneus Jimmy pou nou.

05/04/2024

Moun te dwe ka chwazi fanmi pou w fèt. Konsa Nou ta evite Fèt nan kèk move Ras.

27/03/2024

Mwen pwopoze pou Ayiti elimine fransè kòm lang ofisyèl peyi a.Kreyòl dwe sèl lang ofisyèl Ayiti.Tout diskou ak dokiman ofisyèl dwe fèt an KREYÒL. Lekòl primè, segondè, inivèsite dwe fèt nan sèl lang tout Ayisyen pale a "KREYÒL" Tout etid syantifik pwouve ke yon timoun aprann pi byen lekòl e bay pi bon pèfòmans nan lavi a lè li te edike nan lang manman l. Poutan depi Ayiti egziste nou chwazi fè lekontrè. Donk antanke pèp n ap viv e fonksyone tèt anba. Ayiti se sèl peyi swadizan frankofòn kote majorite pèp la pa pale ni konprann franse. Feblès sistèm edikatif la fè ke nou pa pale okenn lang yo anseye nou lekòl. Menm kreyòl la ki se lang manman nou nou pale li mal, nou ekri li mal e nou konprann li mal. Fòk sa chanje ! Tout Ayisyen dwe aprann de manyè pratik byen pale ak ekri fransè, anglè ak espayòl depi nan matènèl. Leta dwe devlope pwogram pou fè tout Ayisyen pale lang etranje sa yo byen depi nan primè. Nou dwe aprann lang sa yo tankou moun aprann yon dezyèm lang ak yon lang etranje. Men se kreyòl ki dwe premye lang peyi a. Tout bann lòbèy literati fransèz sa yo pa itil Ayisyen ni Ayiti anyen. Okontrè se plis prejije ak divizyon koze fransè sa kreye nan mitan pèp nou an. Fransè lakòz plis pwoblèm nan peyi a ke li rezoud. Nou dwe pran leson de sa e bay pèp nou an ak peyi nou yon lòt direksyon ak yon revolisyon lengistik.Yon Ayisyen ki rive nan inivèsite ka chwazi espesyalize l nan literati fransè, ispanik ak ameriken ou anglè si li vle. Men li pa fè okenn sans pou sistèm nan ap plen bòl sèvo timoun nou yo lekòl ak yon bann koze literati fransè pandan n ap aprann li neglije kilti li ak lang manman l.Revolisyon lengistik sa mande dabò yon konferans nasyonal pou nou refonde enstitisyon nou yo. Sa mande tou yon nouvo Konstitisyon ak yon nouvo sistèm edikasyon. Se sèl fason vre pou Ayiti pran chimen yon revolisyon sosyal ki pral pèmèt tout moun se moun e ki fè pèp Ayisyen an viv ak idantite lengistik ak kiltirèl li san diskriminasyon.
Viv revolisyon! Viv AYITI.
Viv Guy

Adresse

Gonaïves

Téléphone

+50943956329

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ernéus Mixon publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Ernéus Mixon:

Raccourcis

Partager