03/05/2020
Feyton #2
Lavi yon Bandi
Auteur: Charles Gerlin G-night sèvo
Anderson: Oh patwon epa se ou ki papa Tica😨😨😨😨😨
Pedro: oh Ti son!
Nathou: 😨😨
Tica: 😨😨😨????
Pedro: saw vin la fè la Ti son?
Anderson: M pote yon Kaye pou pitit ou a la, yon devwa m tap montrel, oh m pa janm konn si se pitit ou non patwon
Pedro: se pitit mwen ui
Anderson: M pap baw manti patwon, m renmen Tica anpil ui patwon
Pedro: Ah Ti son ou déjà wè stil ou paka pou pitit mwen an, ou pa menm bezwen kite se mwen kite pou diw sa Ti son!
Anderson: oh patwon! Men esak fèm ap chanje a ui, paskem vle kite Vye vi sa, m pap nan touye moun ankò pou patwon!
Matha: 😨😨
Tica: 😕😕😕
Pedro: Ti son ou komanse depase limit ou, ou mèt Soti ui nan kay mwen an la😠😠
Anderson: ok patwon m obeyi ui, men m vle gen yon vi meyè ak pitit fiw la
Pedro: fout sispann relem patwon😠😠, yon vye bandi tankouw pouw ta antre nan fanmim, kounya se mwen kita pral bò pèw?
Tica: men papa sil chanje, sa paka deranje!
Pedro: heyy fèmen danw la ou menm, poum pa sablew ak kalòt la😠😠
Anderson: Tanpri patwon pa bal kou pou mwen non, m gen bezwen Ti boubout la
Pedro: hey fout bandi sal, mete pyew deyò la😡😡
Anderson: ok patwon🏃🏃🏃🏃🏃🏃🏃m teka fè tapaj ak patwon an ui, sim pat chwazi chanje, sim pat renmen Tica, Patwon an mèt vole ponpe fok mwen gen yon lòt vi ak Tica! Aaaaah ou wè nou menm bandi yo, patwon yo pa vle byen pou nou vre non, sèlman zam yo ka lage nan men nou ui, paske yo konnen zam lan pa bon, s'il te yon bon bagay patwon yo patap janm lage zam yo nan men nou non, paske nou pa polisye! Gade yon bèl pitit patwon an genyen li pa vle lagel nan menm, atout m di Map chanje, ou wè! nou menm bandi yo Se sèlman detwi patwon yo la pou yo fè nou fè sèlman, yo pap janm vle nou gen yon bon vi vre! Fok sa te rive poum te chanje mòd de vi m tap mennen an, m touye anpil inosan podyab😟😟, m voye anpil nanm ale nan mal konprann mwen, pou yon ti moso papye m Konn ap detwi vi😟😟 dènyè mesye m te tire pou patwon an, Misye priyem an gras, li dim li gen pitit li gen madanm, m mèt pran tout sal posede poum kitel wè pitit li yo kap grandi, sa pat ebranlem menm, se twa bal patwon an te voyem Bali yo kite nan tèt mwen😧😧😧 ooooh sa fèm mal anpil anpil
Matha: bon Pedro pou janw konn ap di ou pa vle Pitit nou pran pa ak moun sa yo, bon kounya epa se ou ki patwon mesye à! Jan mesye a ap pale a, li genlè se yon Bandi?
Pedro: sak fè lap dim patwon an, se paskem konn lage yon 50gds nan menl ui, ou konnen nan lari à ou dwe bay tout moun respè, m jis konn bay mesye a respè
Tica: hmmmmmm
Pedro: saw gen la ou menm Tica😡? Kounya m wèw pa pran dwa timoun ou menm non, esak te rete epa kounya ou nan vire ak bandi, depim ta sispèk ou nan pale ak bandi sa, Map fè lapolis pranw kòm madan bandi!
Tica: oh papa! Bonl di lap chanje, li pap bandi ankò, se patwon kitap jerel yo ki koz li te toujou ankouraje nan bandi a
Pedro! Ala Tica vin frekan kounya😡 kisaw di la Tica? Savle di se mwen kite konn ankouraje poul rete Bandi?
Tica: m padi sa non papa, men li pa enposib tou!
Pedro: Bon kounya m pral konn si se ou ki papam, oubyen manmanm ki fèw ap banm repons sa yo😡 klap klap!
Matha: oh Pedro epaw rale zam? Ki entansyonw menm Pedro? Siw pa vle yon bagay ou dwe yon modèl ui ladann, m tèlman etone m wè moun ou tap panike Tica pou li à, epi se ou ki patwon ankò
Pedro: tonnèboulem, si yon jou m ta sispèk Tica ap pale ak Bandi sal sa, Map tire Ni Tica ni Bandi à😡😡
Matha: oh Pedro! Pou janw konn ap di se sosyal ou fè, epi pouw di wap fè gwosè krim sa, Wap tire pitit ou, ou konn tiye moun Pedro?
Pedro: Ebyen se yon jou ui poum tiye moun, kite Tica pa ranje kòl poul wè😡😡
Matha: Tica chérie annal chita pouw al pale ak manmanw!
Tica: ouff ouff ouff😣😣😣
Matha: oooh pa kriye pitit mwen, gade koman souf pitit la gentan anlè, bwè yon ti dlo Tica
Pedro: pa okipe rizyèz la, se madan bandi li vle ye, kounya mavèl, zam mwen ap rete tou brake😠
Matha: Tica pitit mwen pale ak manmanw, eske mesye a se yon bagay pou ou? Pa kriye Chérie!
Tica: manman mesye a renmenm, mwen gentan renmenl tou, li esplikem komanl te fè vin Bandi, men achak fwa li vle kite Metye sa, papam pa janm vle, papam konn menm peye mesye à tiye moun oui Manman, moun nou panse papam ye à se pa vre ditou non manman, lèw wè papam anba vès li, aparans li ap twonpe tout moun, men papam se yon kriminèl ui Manman, se pa de inosan non papam fè mesye à tire Manman😭😭😭
Matha: oh eske se vre Tica?
Tica: oui Manman Ander tap esplikem komanl konn ap fè misyon pou patwonl lan, kounya epam vin dekouvri kiyès ki patwonl lan, Manman Vwazen nou an ki gen gwo Antrepriz anfas la, ou sonje yo te tirel devan lakay li à, Ebyen se Mesye sa ui kite tirel, se pou papam ui li te tirel
Matha: oh oh oh! Epi janm te wè Pedro tap plenyen pou lanmò mesye sa! Ooooh pedro son kriminèl ui, nèg konsa m pap rete avèl, m ta pito al soufri m pap rete ak yon kriminèl konsa, pou Pedro se yon gwo otorite nan zòn lan, pou se li ki fèw gwosè krim sa, ooooh ala Mechan, Vwazen sa te tèlman bon moun ooooh
Tica: 😭😭 Manman! papam pa yon bon moun menm non!
Matha: m pral fè moral li pitit mwen m pral pale avèl!
Tica: oh Manman pigaw fè papam vin banm kou non😧
Matha: pa panike pitit mwen m konn kijan Map rive sou li
Aprè yon ti tan...
Pedro: kounya sim pa fè yon Jan poum fè éliminé Ti son, li pap bon pou mwen! Ti son pap travay pou mwen ankò, kounya li ka pral sèvim yon kat make, kounya menm pitit mwen gentan renmenl, nonm sa se éliminé poum fè yon lòt bandi eliminel😡😡
Matha: Pedro Map fè yon ti pale avèw, eske yon moun ki paka bay lavi, eskel dwe detwi lavi?
Pedro: oh komanw esplike saw di a Matha?
Matha: sa fèm mal anpil ui pou Vwazen an bandi te tire a!
Pedro: oh pou dat vwazen sa te mouri, ou sonjel toujou? dim non Ou gènlè te nan yon bagay avèl Matha?
Matha: oh komanm te nan yon bagay avèl la Pedro? Anh pou janm fè respèm sou katye a, ou ouvri bouch ou pouw di yon bagay konsa Pedro!
Pedro: se tou nòmal ui, yon Vwazen mouri lontan sa Kounya pouw tris pou li toujou, ebyenl te konn jwe nan afèm lan🤔
Matha: epam tande se menm Ti son sa kite tirel, Kòm m tande se ou ki patwon Ti son
Pedro: oh epaw ap antravem Matha, talè la m ka wè polis vin mandem koze la, Ebyen ou pral vann mwen la Matha, ou pral fè konnen se avèm Ti son tap travay la?
Matha: oh konbyen moun ou tandem vann bay lapolis déjà? Pedro ou fòme ase pouw nan Jan de bagay sa yo, m pat janm kwè ke se marim non kite ka nan koze sa yo
Pedro: oh Matha ki vle di ou di se mwen kite voye tire Vwazen an?
Matha: m pa konnen se kesyon Map pozew!
Pedro: bon ou gènlè pansew pral fèm cho la Matha! Epi banm tèt mwen tande ak koze espire sa yo Matha😡😡, Si Vwazen an se mariw li te ye al rete a zonbil
Matha: hmmmmm!
Tica, pou Jan papaw reponn mwen li pwouvem ke li konplis nan lanmò Vwazen an vre ui, ah Pedro fèm gen pwoblèm pou tout vim la, Pedro ap di Ti son Bandi, li pi bandi pasel, paske moun ki voye fè aksyon an li se premye bandi a, pou janm sa konn fèm mal lè Map tande koman bandi ap tire moun, poutan m te yon madan bandi la sanm pa konnen! Tica m pap rete non Map sove avèw ui san Pedro pa konnen!
Pedro: bon Jan madanm mwen ap pale la, Ebyen gènlè Ti son konn esplike Tica tou sal konn fè pou mwen yo, kotew wè Tica gentan renmen Bandi sa la, li pap pè siblem non, paske depiw wè Ti fanm sa yo renmen yon nèg, yo gentan bliye menm papa yo, ki vle di Bandi yo bay pou Ti son lan, gen valè pasem? Kounya sim pa fè yon Jan la poum debarasem ak Bandi sa, pita ka pi tris ui, banm rele Bandi ti Maka!
Ti Maka: 📞📞📞📞 alo patwon!
Pedro: Ti Maka sak pase? M gen yon misyon pou ou ui Man, ou konn Bandi Ti son?
Ti Maka: oui Patwon, m Konn manje bwè ak misye ui Patwon!
Pedro: ok! M gen 50.000 dola kap Domi tann ou la, fè yon janw éliminé Misye pou mwen byen rapid
Ti Maka: Ebyen ok patwon! Avozòd patwon! Ti son ou se patnèm vre, men mwen tou diw R.i.P Ti son! Lajan sa bèl, m pral boule sa ak baz mwen
Anderson: bon kounya m te Bandi m pa bandi ankò, m chanje konpòtmanm, afèm te konn plede fimen, bwè! Plede al nan baz la m pa nan sa ankò, kounya m pral itilize kapasitem pito poum fè lajan menm Jan Tica dim lan, Se Tica ki renmenm paske li banm yon bon konsèy, Patwon an pat janm renmenm vre, krim m Konn ap fè pou li yo li renmen!
Bontwa Dirèktè!🤵
🤵Direktè: bonswa Mesye, komanm ka edew?
Anderson: Dirèktè yon ti travay m vin chèche la, m se yon nèg ki bon anpil nan Mathématique, m ka ansenye de elemantè jiska 3èm nan Mathématique, m ta renmenw banm fè yon kou Dirèktè
🤵Direktè: oh evre ou kwè nan saw di a? Janm bezwen yon pwofesè math la, si se vre Map tou kenbew ui, Al rezoud Tout ekzèsis sa yo pou mwen, poum wè kapasitew
Aprè 1h...
Anderson: men yo ui Dirèktè!
Dirèktè: oh Kilèw gentan fin rezoud Tout bagay sa yo, oh ou bon ui Man! Pou dat elèv yo ap soufri pou yon bon pwôf math la, Se Bondieu ki voyew la gasonm! Lot semèn ou mèt vin fè kou ui, Komanw rele gasonm?
Anderson: non pam se Anderson!
🤵Dirèktè: Ebyen ok pwòf Anderson, m gentan mete nonw nan Ekonoma, kounya se ou Map tann pouw vin fè kou yo
Anderson; Ebyen ok Dirèk, mesye m te nan erè ui, gade tout kapasite m te genyen, poutan se bagay négatif la m te chwazi fè, m te rayi tèt mwen ui!
Oh Chérie epaw te gentan vin la Bb?
Tica: oui chery m te pase wèw paske Map imajine komanw ye aprè sak te pase yo!
Anderson: Tica chery m renmenw Anpil, m tap réfléchi anpil vre ui, paskem tap panse koman poum chanje vim, men m vin panse ak saw te dim lan, ou te dim gen kapasite nan Math, poukisam pa chwazi poum yon pwofesè pito, mwen al mande poum fè kou nan yon lekol, mwen reyisi Bb! Mwen vin ankò plis renmenw Bb, m ta renmen wè Pou papaw kite konn ap itilizem mal la, se poul tandem son pwofesè kounya
Tica: waww très byen Bb! Sa vrèman fèm plezi Bb, gade Komanw bèl Bb, chanjman an fèw vin ankò pi bèl ui Bb, je t aime malgré tout bbm! Papam dim lap Tirem pou ou ui bb
Anderson: oh evre Bb? Papaw pa fou pa okipel, poukisal pa pran konsyans pito, mwen m pran konsyans! Kounya m pa menm moun lan ankò
Tica: waw Bb, ou fè kèm kontan, m te pote yon Ti frèz pou ou ui bbm
Anderson: oh merci manmy! Ebyen Ann manjel ansanm Bb! Wawww se bon sa Tica😍😍😍
Ti Maka: M pral boule lajan sa, Kyèt mesye, pla menm ap gratem la, lajan an te dwe nan menm déjà!
Ooh gade yon nèg m vin tire, epi se romans lap fè ak yon fanm! se dènye romans li pral fè ak fanm sa
Heyy Ti son sakap fèt la frè? Oh gade yon bèl ti moun kotew la? Se madanm ou frè? Banm diw non man m pase poum koule detwa byè avèw la oui frè!
Anderson: Ti Maka patnèt, m padi nou paka koule byè non, men m pa menm moun lan ankò non, m chanje ui frèm! Patwon an pa renmen nou vre non Man, sil te renmen men se pa moun li tap voye nou tire non Man, nou tiye twòp inosan Man! Imajinew pou valè bandi kite genyen, ou pa wè kijan yo pase mal frè! M pa dim pap mouri non, men se pa nan bandi Map mouri man
Ti Maka: pawòl ou di yo fò anpil vre ui Man, poutan se ou m vin tire la ui Ras!
Anderson: oh 😨😨
Tica: 😨😨
Siw vle bay yon sipò pou travay la ou ka watsap G-night sèvo nan +50944297110
Pouw pa rate #3 a like paj la kounya, pa bliye pataje lèw fin li
G-night sèv