Zoule ###shop

Zoule ###shop Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Zoule # # , Shopping & retail, Hartford, CT.

06/24/2026
06/22/2026
03/02/2021

Atansyon medam ti bab nan vizaj, ti moustach,plim nan fant tete se konn siy kis nan ovè , pataje tèks sa pou plis fi jwenn konesans sou fenomèn sila

Depin piti nap wè sa ,Anpil fwa nou nan lari oubyen yon kote nou konn wè fi ki gen ti branch bab sa konn kapte atansyon nou, nap poze tèt nou kesyon eske son bagay nòmal, konsa tou gen fi sa son veritab kalvè pou li, li oblije ap plede raze vizaj li sa konn fatigel men eske n konnen li pa nòmal pou fi gen ti bab ,moustach, a plim nan fant tetel ?

Avann kòmanse m vle nou konnen fi an ka toujou gen anpil plim nan kòl depi yo pouse kote ki nòmal,anplis plim ki nòmal lakay fi toujou epè , yo touf , anpil fwa se depi lèl piti li genyen yo , plim sa yo pouse nan pye yo, nan bra yo ,genyen ki anpil pafouten sa yo pa pwoblèm ,men gen kote plim pa dwe pouse lakay yon fi tankou ti bab, ti mouchtach, plim bò kuis, a plim nan pwatrin ,nan do etc...

Rezon ki fè plim sa yo pouse de fason anòmal lakay yon fi se paske sa lye a yon to òmonn mal(òmonn gason) pou moun ki pa konn sak òmonn nan, òmonn son sibtans ki libere nan kò an ki tankou yon mesaje ki pral aji a distans souvan sou yon lòt òga'n kotel aji an ap bay yon repons, òmonn yo sekrete pou majorite pa gland

pou fi sa yo òmonn gason an ki twò wo nan sanl, sa poun konnen se ke ni fi ni gason yo chak gen òmonn mal a òmonn femèl lakay yo , kay fi an òmonn fi an dwe pi wo pou bal karakteristik fanm, nan ka gason an òmonn gason an dwe pi wo pou bal karakteristik gason eben nan ka medam sa yo òmonn gason an pi wo e sak ba yo karakteristik gason tankou vwa yo konn grav ,yo konn gen fòm gason (anlè yo pi gwo ke anba yo)
Konsa tou:
-yo konn gen pwoblèm règ nou pral wè pi devan se kis yo ki alabaz pwoblèm règ sa

-klitoris yo konn gwo
-mitan a devan tèt yo konn pa gen ase cheve tankou gason ki chòv

-yon lòt bagay ankò medam sa yo konn gen anpil bouton nan vizaj yo

Ann wè mekanis ki mennen a pwoblèm sa
Tout kote ki gen sous òmonn mal ka koze sa lakay fi an , janm te di nou deja fi an gen òmonn mal a femèl an menm tan eben , ovè fi an jwe yon wòl nan transfòme òmonn mal sa yo an òmonn femèl pa yon pwosesis ki rele awomatizasyon ,ki pral ba fi an karakteristik fi

jan de fi sa yo pwoblèm nan lye swa se yon timè nan ovè oubyen nan gland ki rele sirenal ki sou tèt ren yo, konsa tou ovè oubyen sirenal sa ka ap mal fonksyone,pi yo tonbe pwodwi twòp òmon mal ,ovè an fi vin gen twòp travay li paka transfòme tout òmonn mal sa yo an òmonn femel eben sa vin fè folikil ki nan ovè yo vin transfòme a yon bann ti kis e se la fi an gen sa yo rele syndrome des ovaires micropolykystique ki pral ba yo pwoblèm règ a pwoblèm fè pitit

Pou konnen si son timè oubyen son pwoblèm nan fonksyonnman ovè oubyen serinal la ,nan ka timè an se lè fi fin granmoun tout siy m te mansyone anwo tankou ti bab , plim nan lestomak, gwo vwa etc... parèt sou li,nan ka ovè oubyen jirenal la an kap mal fonksyone se depi nan adolesans pwoblèm sa yo parèt

gen fi ki gen siy sa yo ki pa gen okenn pwoblèm òmonn ,ni nan ovè ni nan sirenal aprè tout ekzamen doktè ba yo fè tout rezilta nòmal , lè konsa lamedsin pa konn rezon an
Konsa tou gen nan fanmi yo remake anpil fi gen siy sa yo

Wi gen solisyon pou elimine plim sa yo tout depann de koz yo detekte aprè rezilta paske yap baw fè ekzamen avan
si son twoub ki nan sekresyon òmonn mal yo , gen medikaman yo ka bay pou sa , si se nan òga'n yo pwoblèm nan lye gen entèvansyon yo ka fè, si pa gen okenn koz, yo ka elimine yo a lazè

Si medam sa yo gwo e yo gen kis,doktè konn voye yo pèdi pwa paske grès yo favorize metabolis òmonn mal yo

Like& pataje pou plis moun ka jwenn konesans
Idantifye li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

Medam kenbe natural nou bellllll 1500pesos
02/28/2021

Medam kenbe natural nou bellllll 1500pesos

02/27/2021

Address

Hartford, CT
06106

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Zoule ###shop posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share