09/08/2026
⏳ KONSÈNAN DELÈ ORDER YO
Order yo ka pran yon ti tan, paske nou pa prepare remèd davans pou mete yo la ap tann moun.
Nou travay chak preparasyon avèk presizyon ak anpil atansyon, selon enfòmasyon ki soti nan konsiltasyon an: laj moun nan, pwoblèm li prezante, rezilta li yo ak lòt detay enpòtan yo.
Prepare yon remèd natirèl avèk responsabilite se pa bouyi, vide nan boutèy epi voye ale. 🌿 Se yon travay ki mande tan, konsantrasyon ak swen.
Nou remèsye tout kliyan ki konprann epi ki respekte fason nou travay la. 💚
Tanpri, si ou pa gen pasyans pou tann preparasyon order ou, ou lib pou chwazi yon lòt kote. Nou respekte desizyon sa a. Men, pou nou menm, nou pap chanje fason nou travay sèlman pou nou ka voye order pi vit.
Nou prefere pran tan nou pou nou travay avèk swen pase prese pou nou fini. 🌿
Anpil nan nou ap cheche solution men nou pa prè pou fè sa solution mande .
Malie & Gee Organic
(908) 525-2802