03/11/2022
Depuis hier, jounen an komanse tou nwa pou nou avec nouvèl la mort Mme. Naomie Mie Michel ki te responsable avec tout yon ekip medam Wozali en Haïti. Se yon Dame dynamique, yon leader née. Madame Nao, depase de commentaire, se yon bel nanm, tout moun ki côtoyer’l ka di Sa.
Nan accident ki fèt sous canapé vert la, avant hier. Madame Nao te yon nan moun ke machine sa assassine. Se kè nou kap rache, nou tout Ap pleurer départ jeune sa ki charge vision et talent.
Madame Nao te gen gro rèv Pou peyi’l, li se yon ki te kwè nan goumen Pou nouvelle Haïti a. Li te toujou kwè se nou menm pouki batay Pou change pays a, se pa pays pouki change tèt li. Li te toujou di:” Mr Wendy, menm si map voyage tout kote men, residence Mwen se Haiti lap ye, Paske Mwen renmen Haiti tròp.”
Madame Nao te kwè nan:” Après la pluie c’est le beau temps.” Menm Si’w tande pays cho, li toujou di pa okipe yo, yo pwal fwèt talè.” Et puis li bay yon ti souri lespwa…
Madame Naomie tap goumen ak nou Pou nou fè tout Haiti konen Wozali Marketplace. Li frape tout pòt, limenm pran deception kèk fwa, men li pat janm decourage. Li te kwè et renmen technologie, li te di fòk nou mete tout business yo sou Wozali, et fòk nou mete tout jeune yo nan business.
Jodia nou paka kwè ke ou ale, tankou map tande voix’w kap dim Ou pa mouri. Men Poukisa kòw pa souke, zye’w fèmen et Ou pap respire?
Yon nan bagay ki plus fèm mal, se paske Mwen pat janm gen chance wè Madame Naomie Face à face. Konya li ale, m pa kon kote’m pwal wèl ankò.
Mwen konen kotew pwale a, Ou pwal continue fè pi gro bagay. Ke Grand Dieu a, mete plus gallon avec étoile 🌟 sou zepòl ou. Pa bò isi, nou menm nap continue goumen avec menm vye bagay Ou te konen yo. Nou promèt Ou Si’w tounen sou planète sa ankò, wap jwen Nom Ou grave sou yon program ou yon building. Fòk rêve ou devenu réalité! May God grants you with higher ranks in Jannah!