07/25/2026
ĂSKE SI NOU PA PEZE TETE BEBE A L'AP SANTI FĂ LĂ LI VIN GRAN?
Se yon bagay nou tande souvan, ou dwe peze tete bebe a lè li fèt pou li ka pa santi fò. Premyeman tete ti bebe ki fenk fèt yo ap toujou gen dlo paske yo soti nan yon anviwonman ki te gen dlo anplis de sa sou efè prolaktin ki se yon òmòn ki sekrete pandan gwosès ak pandan alètman, tibebe ki fenk fèt la ka genyen tete li yo ki anfle. Yo konn pafwa awondi, yo ka di alantou pwent tete a, yon ti kras anfle, ak pwodwi likid.
Likid sa pa gen anyen pou li wè ak santi fò, prèv la oumenm osinon nenpòt moun ou konnen yo te peze tete li lè li te piti, fè li soti san benyen, pa kite li mete deodoran epi fè li fè yon bagay kap fè li swe, gade pouw wè sa k'ap rive.
Nòmalman depiw ap antre nan pibète gen chanjman k'ap fèt nan ou e pa gen anyen ki ka evite sa.
KISA KI LAKOZ MOVĂZ ODĂ SA?
Se swe, li sekrete pa glann sidoripa yo e natirèlman swe pa gen odè. Tandiske gen glann ekrin yo ki konpoze ak dlo epi sèl. Glann apokrin yo yo menm pwodwi yon swe tankou lèt, ki yo menm, lè yo an kontak ak bakteri mikwoskopik ki sou po a, mennen a pwodiksyon molekil ki bay odè yo (acides gras courts, tankou kaprilik, kaprik oswa asid valeryanik) epi vin kreye sant patikilye sa a.
Se pa direkteman swe a osinon ti dlo ki nan tete a ki lakoz "movèz odè", men se kontak ak bakteri ki prezan sou sifas po a ki konsome swe a epi pwodwi konpozan chimik ki responsab odè a. Se pou sa ke gen kèk moun ki "santi pi fò" pase yon lòt!
POUKISA YON BEBE OSINON YON TIMOUN PA SANTI FĂ?
Yo pa santi fò osinon siw ta remake sa konnen ou sipoze mennen timoun sa wè doktè si li poko rive nan pibète, sa nou rele "fòme" a
Nou pa dwe bliye tou prezans plim ki pral komanse pouse, espesyalman anba bra yo, ka plis koze move sant lan. Plim yo gen tandans kenbe sekresyon ak ofri yon anviwònman pwopis pou bakteri yo miltipliye. Se poutèt sa li rekòmande pou raze anba bra ou regilyèman si sa enterese ou.
KISAW DWE FĂ?
Menm jan ak nenpòt enflamasyon, sinyale pedyat lan de sa. Answit, pa manyen li, paske plis ou manipile ak peze tete yo, se plis yo riske anfle oswa vin bay likid. Se sèlman yon pedyat ki ka dyagnostike yon enfeksyon posib ak preskri yon tretman adekwa.
Aprann timoun yo kijan pou yo respekte prensip ijyèn yo: pou yo benyen plizyè fwa nan jounen an epi pase dezodoran.
Pouw pata santi fò sof si ou pata janm swe nan viw osinon ou respekte prensip ijyèn yo. Sa konn rive pou yon rezon ou yon lòt gen moun dezodoran pa vreman fè gran choz pou yo men yo menm se yon pwoblèm medikal yo genyen ki pa gen okenn rapò ak peze tete pandan yo te piti.
PĂŠdiactu