LimyePaw

LimyePaw Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from LimyePaw, Cultural Gifts Store, 1500 PRECISION Drive #110, Plano, TX.

04/24/2026

Gran leapri koulèv la, senbòl kreyasyon ak sajès. Mache dousman. Pale verite. Respekte lespri.

04/19/2026

🔥 Sèso en bwa a grave, li senp, men chaje ak sans
Fèt pou kenbe rad seremoni ou ak respè✨
Chak sèso ka genyen veve sakre epi ou ka mete non pa w sou li.
Pa jis pann rad ou fòk ou bay li prezans.
Kòmande pa w jodi a!

04/17/2026

Mwen pat kreye Milokan…
Milokan te vin jwenn mwen nan rèv.
Mwen tande li. Mwen santi li.
Lè m leve, mwen te deja konnen sa pat yon opsyon…
se te yon misyon.
Sa pa sèlman yon kreyasyon.
Se yon mesaj. Se yon apèl. Se yon fòs ki soti pi fon pase mwen menm.
Gen bagay ou pa imajine…
ou resevwa yo.
Byenveni nan Milokan 🇭🇹

04/12/2026

Mwen se fanm mistik ki aprann lage sa ki pa pou mwen. 🕯️
Fo zanmi, fo lanmou, fo zanmitay … menm fo pratikan espirityèl ki t ap jwe limyè pandan kè yo te chaje ak fènwa mwen remèt yo bay flanm nan.
Mwen wè yo kounye a: souri ki kache jalouzi, konsèy ki chaje move entansyon, prezans ki lou ak kè anmè.
Mwen pa pè pèdi moun ki te sèlman vinn pran.
Mwen lage fo zanmi ki t ap rele m “fanmi” men ki t ap priye pou mwen tonbe.
Mwen lage moun ki te pwoche sou limyè mwen sèlman pou yo te ka chofe tèt pa yo, san yo pa janm pote chalè pou mwen.
Yon jou, tout “pwofitè/takers” yo ap chèche mwen…
Men yo pap jwenn mwen menm kote yo te kite m lan.
Paske mwen pa menm ankò.
Mwen renèt nan verite mwen.
Kounye a, mwen konnen kiyès mwen ye.
Mwen mete limit. Mwen pwoteje lapè mwen. Mwen chwazi tèt mwen.
Enèji mwen sakre!
e se pa tout moun ki gen aksè ankò.
Mete Limyè nan lavi nou!

04/10/2026

Chak pyès mwen touche fèt ak entansyon, tankou yon priyè mwen depoze nan obje a .
Mwen pa janm kite detay yo pèdi, paske se ladan yo nanm travay la respire.
Sou boutèy sa a pou Ezili Freda, menm boutèy la ak bouchon an fleri an roz — mak lanmou, dousè, bote, ak delikates li pote. 💖
Isit, pa gen anyen ki la pa aza.
Chak liy, chak fòm, chak detay… ap pale.

04/01/2026

Ou pa bezwen fè bri pou yo remakew. Vrè pouvwa deplase an silans.
Li nan fason ou pote tèt ou, jan travay ou pale anvan ou menm, ak konfyans pou rete dous pandan w toujou gen fòs.

Se konnen kiyès ou ye, fè limyè ou klere ak konfyans, epi kite prezans ou di tout bagay.
Se enèji sa a ki dèyè LimyèPaw feminin, entansyonèl, epi inoubliyab.🤍. DOUSÈ. PREZANS. SAN LIMIT. LIMYÈPAW. 🕯️🔥💡🪔

03/25/2026

Ginen nou ye. Pote plent apresa tann, kite yo fè travay yo.

03/18/2026

Bon Damballah -

03/17/2026

Legba kle yo nan mainw.

03/16/2026

Boutey Kouzen - place your order +1 469-319-3453

Address

1500 PRECISION Drive #110
Plano, TX
75074

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when LimyePaw posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to LimyePaw:

Share