04/14/2020
MOUN K'AP DI NOU YON ANBASAD SE YON TERITWA ETRANJE PA OKIPE YO SE MANTI Y'AP BAN NOU:
Se yon bagay anpil moun toujou ap di . Yo konsidere Yon anbasad Yon peyi Kom teritwa peyi ki gen anbasad la. Menm gen diplomat , gwo entèlektyel ki konn ap repete bagay konsa .
Bagay sa se 2 gran jiris olandè ki tap pale de li nan Xlle ak Xlll e syek. 2 jiris sa yo se te Hugo de Groot ( Grotius) ki tap pwopaje ide sa nan liv lii ki te gen pou tit " De Jure Belli ac pacis" ak Cornelius Bynkerschoerk nan liv li ki te rele " foro legatorum" . Liv sa yo te make doktrin dwa entènasyonal nan epòk la , ide jiris sa yo se te pou ajan diplomatik yo toujou gen anba pye yo Yon moso nan teritwa nasyonal yo Sitou nan lokal misyon diplomatik la. Se te Yon mit ke anpil lòt otè ak jiris te konbat ak fòs a pati XlXe syek la.
Yon anbasad pa ekstrateritoryal ,pa gen kesyon souverènte etranje nan yon anbasad, Moun ki toujou ap repete sa se paske yo konfonn " inviolabilité" ak Extraterritorialité" envyolabilite pa dekoule nesesèman de ekstrateritoryalite .
Konvansyon de vyèn 1961 ki kodifye dwa relasyon diplomatik yo pa mansyone ekstrateritoryalite nan pyès dispozisyon li yo. Atik 22 konvansyon sa di " lokal kote misyon an ye enviolab " se menm bagay pou Kay ajan diplomatik etranje yo( Atik 30).
Ann fè Yon ti lojik si lokal kote misyon diplomatik la ye a, Jaden , Pak se teritwa peyi misyon an , e byen se tap dwa eta dorijin nan ki tap aplike ( Dwa pénal, dwa sivil, dwa sosyal elatriye). Sa pa tap fè sans.
Kontreman ak sa anpil moun panse kote anbasad la ye a pa teritwa peyi etranje a. Atik 22 konvansyon vyèn nan konsidere ke ajan leta akreditè a entèdi pou l antre janl vle nan anbasad la sof ak konsantman chef misyon an e se pou tèt sa anbasad yo toujou Sevi kote moun pran azil.
Kontrèman ak vye lide kap s*kile, Yon anbasad pa konsidere kòm teritwa nasyonal peyi Kel reprezante a . Ekstrateritoryalite anbasad yo se Yon fiksyon jiridik ki abandone depi nan XlXe syek.
Me Pelex Flereme ©©©
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
C'est le devoir de chaque homme de rendre au monde au moins autant qu'il en a reçu.
A. Einstein.
https://www.facebook.com/fleremelaw/
⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖⚖
Ce texte n’est pas sécable. Si vous souhaitez le partager, il doit rester entier et n'oubliez pas de mentionner sa source.
Avocat🔸Certified Risk and Compliance Management Professional🔸Rule of Law Specialist🔸Legum Magister🔸Owner of P-Lex Tous vos droits LLC🔸Law addict🔸Project Evaluator🔸Husband & Proud Father of 2